Roody Thenor, atis orijinè de Sous-Matla, pote yon mesaj pwisan sou batay lavi ak espwa nan mitan difikilte
Roody Thenor, yon non ki ap fè chemen l nan kominite ayisyèn nan chak jou pi plis, pral lanse premye mizik li ki pote tit : An Silans. Mizik sa a, ki gen pou sòti ofisyèlman nan dat 31 janvye, se yon vwa ki fè eko ak reyalite chak moun, kèlkeswa kote yo soti. Nan yon vwa ki chaje emosyon ki soti nan fon nanm li, atis la mande pou’n fè vwayaj sa avèk li
Yon konfèsyon entim
Nan An silans , Roody fè yon konfèsyon entim: “An silans, m’ap soufri; an silans , m’ap megri.” Pawòl sa yo antre nan kè nou kòm yon frison. Mizik la pwodui tankou yon refleksyon sou doulè kache anpil nan nou ap viv. Pou Roody, mizik sa a pa senpleman yon ekspresyon atistik; li se yon mwayen pou di istwa li ak istwa plizyè lòt moun ki ap soufri nan kè yo san pale.
Yon istwa pèsonèl
Roody pataje yon istwa pèsonèl ki frape fò: sou dat 19 avril 2023, li te oblije kite kay li ansanm ak fanmi l pou sove lavi yo anba vyolans ki t ap ravaje zòn Sous-Matla a. Malgre l te chape poul li, li te toujou oblije fè fas ak ensekirite nan komin kote l te refijye. E se nan eksperyans sa yo li jwenn enspirasyon pou kreye yon mizik ki tèlman pwisan, li ka manyen kè nenpòt moun. Epi se kè ki fè nou viv ak kè ki fè nou santi ke nou pa poukont nou nan batay lavi a.
An Silans pa sèlman rakonte doulè; li envite nou reflechi sou fòs kouraj ke nou chak pote anndan nou menm lè lavi a sanble fèmen tout pòt yo. Roody Thenor kreye yon espas kote chak moun ka wè pwòp refleksyon yo nan mizik li. Li envite nou nan yon refleksyon pwofon sou kijan, menm nan mitan soufrans, nou ka jwenn fòs ak espwa.
Yon dat pou note
31 janvye se dat pou note! Prepare w pou antre nan yon vwayaj emosyonèl, kote mizik pral vin yon solèy limen sa ki te rete nan lonbray. Pa rate opòtinite sa a pou dekouvri , An Silans, yon mizik ki touche nanm ak ki pote espwa. Kite mizik Roody a fè sonje nou ke, menm lè nou kwè tout bagay fini, gen toujou yon bout limyè nan fen tinèl la.